Haitian Creole Bible

Zechariah 1

Zechariah

Return to Index

Chapter 2

1

 ¶ Apre sa, mwen fè yon lòt vizyon, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon nonm avèk yon chenn pou mezire nan men l'.

2

 Mwen mande l': -Kote ou prale? Li reponn mwen: -Mwen pral pran mezi lavil Jerizalèm, pou m' wè ki longè ak ki lajè li genyen.

3

 Zanj ki t'ap pale avèk mwen an te rete kanpe. Yon lòt zanj pwoche devan l' vin jwenn li.

4

 Premye zanj lan di dezyèm lan: -Kouri al di jenn gason ou wè ak chenn nan men l' lan: sitèlman pral gen moun ak bèt nan lavil Jerizalèm, yo p'ap bezwen bati miray pou fèmen l'.

5

 Seyè a pale, li fè konnen se li menm k'ap tankou yon gwo miray dife k'ap fè wonn lavil la pou pwoteje l'. Li di: M'ap rete nan mitan lavil la ak tout pouvwa mwen.

6

 ¶ Men sa Seyè a di: -Ey! Nou menm mwen te gaye nan kat kwen latè yo, kouri, kouri kite peyi ki nan nò a.

7

 Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou!

8

 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa di: Se li menm ki voye m'. Men sa li di sou nasyon ki te piye pèp li a. Si yon moun manyen pèp la, se tankou si li te foure dwèt nan je m'.

9

 Mwen menm mwen pral regle ak nou. Moun nou te fè tounen esklav yo, se yo menm ankò ki pral piye nou. Lè sa a, tout moun va konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m'.

10

 ¶ Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Jerizalèm, chante! Fè kè nou kontan! Men m'ap vini pou m' rete nan mitan nou! Se mwen menm, Seyè a, ki di sa!

11

 Lè sa a, anpil nasyon va vin jwenn Seyè a pou yo sèvi l'. Se pèp pa li menm y'ap ye. L'a vin rete nan mitan yo. Lè sa a, n'a konnen se Seyè ki gen tout pouvwa a ki te voye m' kote nou.

12

 Seyè a va pran peyi Jida a pou li tankou pòsyon pa l' nan tè yo mete apa pou li a. L'a chwazi lavil Jerizalèm ankò.

13

 Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!

Zechariah 3

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: