Haitian Creole Bible

Job 5

Job

Return to Index

Chapter 6

1

 ¶ Jòb pran lapawòl, li di konsa:

2

 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans,

3

 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a.

4

 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.

5

 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.

6

 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.

7

 Mwen pa menm gen apeti pou bagay konsa. Tou sa mwen manje fè kè m' tounen.

8

 ¶ Si Bondye te ka ban mwen sa m' mande l' la! Si li te ka fè m' jwenn sa m'ap tann lan!

9

 Si sèlman sa ta fè l' plezi pou l' touye m'! Si li ta vle lonje men l' pou l' disparèt mwen!

10

 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.

11

 Mwen pa gen fòs pou m' tann ankò. Pa gen ankenn espwa pou mwen. Sa m' bezwen viv toujou fè?

12

 Se pa wòch mwen ye. Se pa bout fè kò m' ye.

13

 Mwen pa gen fòs ankò pou m' kenbe. Kote m' vire, mwen pa jwenn sekou.

14

 ¶ Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.

15

 Men, frè m' yo, nou p'ap di m' anyen la a. Nou tankou ravin chèch ki pa gen dlo depi lapli pa tonbe.

16

 Nan sezon fredi, lè lanèj ap fonn, yo plen dlo sal ki frèt kou glas.

17

 Men, nan sezon lesèk, pa yon gout dlo! Chalè solèy la cheche yo nèt.

18

 Bann vwayajè yo kite chemen yo pou y' al dèyè dlo. Yo pèdi nan dezè a. Yo mouri.

19

 Vwayajè ki soti nan peyi Cheba ak nan peyi Saba ap touye tèt yo chache dlo.

20

 Yo pa ka jwenn. Rive devan ravin lan, yo pa konn sa pou yo fè.

21

 Wi, mezanmi. Nou tankou yon ravin chèch pou mwen. Nou wè nan ki eta mwen ye, nou pè, n'ap renka kò nou dèyè.

22

 ¶ Eske m' te mande nou pou nou fè m' kado kichòy? Osinon pou nou fè yon moun kado pou mwen nan sa nou genyen?

23

 Eske mwen te mande nou pou nou vin wete m' anba grif yon lènmi, osinon pou nou delivre m' anba men yon moun k'ap fè m' soufri?

24

 Bon. Pale avè m'. Si m' antò, fè m' wè kote m' antò a. Lè sa a, m'a pe bouch mwen. M'a koute nou.

25

 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.

26

 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?

27

 Konsa tou, ou ta rive jwe lajan sou tèt timoun san papa. Ou ta fè lajan sou tèt bon zanmi ou.

28

 Koulye a, monchè, tanpri, gade m' nan je. Mwen p'ap ba ou manti.

29

 Tounen non! Pa fè m' lenjistis sa a! Tounen, mwen di ou. Se kòz mwen m'ap defann.

30

 Eske se manti m'ap bay? Dapre nou, mwen pa konnen sa ki byen ak sa ki mal?

Job 7

 

 

 

Please Click the Ads.

Clicking the Ads helps us to keep this free Bible website open for everyone.

Thanks!

 

 

 

HTMLBible Software - Public Domain Software by johnhurt.com

 


Other Items are Available At These Sites: